Lig vakans yo monte pandan LHF ap lite
Ak LHF la frennen anba ensekirite ak kriz politik, lig vakans yo vin tounen yon mache paralèl: yo bay jwè yo plis match, pi bon revni ak gwo piblik. Men ritm lan lou sou kò yo, pandan deba ap fèt sou plas ekip sa yo nan foutbòl nasyonal la.











