Yon gwo dife ap kontinye ap boule nan forè Fontainebleau, ki nan sidès Pari, depi dimanch. Dapre dènye enfòmasyon ponpye yo bay, plis pase 1 900 ekta bwa fin boule. Dife a gen de sous prensipal ki toujou aktif, youn bò otowout A6 kote li te kòmanse dimanch swa, e lòt la nan zòn Faisanderie, tou pre vil Fontainebleau.
Jiska jodi a, 850 ponpye ap travay san pran souf pou eseye konbat dife a. Yo ap eseye etenn pati ki toujou ap fimen bò wout yo, paske sa ka ede anpeche dife a pwogrese plis toujou. Yon ponpye te di RFI ke objektif jounen an se kontwole tout bò dife a pou l pa gaye plis.
Travay la difisil anpil paske teren an gen anpil pant epi li pa fasil pou rive. Pou ede, lame ka voye bulldozers pou netwaye chemen yo, sa ki ap pèmèt ekip ponpye yo jwenn aksè pi fasil pou yo ka travay pi pre kote dife a ap boule.
Depi maten, avyon Canadair yo rekòmanse voye dlo sou dife a. Chak avyon kapab lage jiska 6 000 lit dlo, sa ki esansyèl pou konbat dife a.
Minis Entèn Laurent Nuñez te anonse lendi swa ke de moun te arete kòm sispèk nan koze dife a. Youn nan yo se yon jèn gason 18 an ki pa t gen okenn dosye nan polis. Li te gen yon briye sou li, epi men li te kouvri ak sann, sa ki fè otorite yo panse dife a te ka kòmanse avèk entansyon.





Antre nan konvèsasyon an