Nan yon match ki te difisil anpil, ekip foutbòl Ajantin rive elimine Laswis nan yon viktwa 3-1 apre yon tan siplemantè, nan kad kwatye final Koup di Mond 2026 la. Match la te jwe nan Kansas City samdi a.
Avèk rezilta sa a, Ajantin asire plas li nan semifinal la kote li pral rankontre Angletè mèkredi kap vini an. Sa ap yon konfwontasyon enpòtan pou yon plas nan final la.
Match la te chaje ak tansyon e li te mande anpil efò nan tou de ekip yo, men Ajantin te montre plis rezistans nan moman kle yo, sa ki pèmèt yo pran avantaj nan tan siplemantè a.





Antre nan konvèsasyon an