La Fédération égyptienne de football mande FIFA pou retire abit franse François Letexier nan rès chanpyona Mondyal 2026 la. Demand sa a fèt apre match uityèm final la kote peyi Lejip te pèdi kont Ajantin ak yon rezilta 3-2, nan yon match ki te jwe madi pase a.
Lejip fè konnen ke abit la te fè plizyè erè klè nan jijman pandan match la, sa ki te afekte rezilta final la. Federasyon an egzije yon repons rapid nan men FIFA pou asire jistis nan konpetisyon an.
FIFA poko bay okenn reyaksyon ofisyèl sou demann sa a. Match sa a te yon moman enpòtan nan Mondyal la, e desizyon abit la te atire anpil kritik nan mitan sipòtè ak ekspè foutbòl.
Sous: France 24 FR
Sous: France 24 FR





Antre nan konvèsasyon an