La Fédération égyptienne de football fè yon demann ofisyèl bay FIFA pou retire abit franse François Letexier nan rès chanpyona Mondyal 2026 la. Yo fè konnen gen erè klè nan jijman li pandan match uityèm final la kote peyi Lejip te pèdi kont Ajantin 3-2, nan yon match ki te fèt madi 7 jiyè a.
Lejip reklame ke desizyon abit la te gen yon enpak negatif sou pèfòmans ekip la nan konpetisyon an. Yo mande FIFA pou pran mezi ki nesesè pou asire jistis nan jwèt la.
FIFA poko bay okenn repons ofisyèl sou demann sa a ni sou posib konsekans li ka genyen sou patisipasyon François Letexier nan rès tounwa a.
Sous: RFI Français





Antre nan konvèsasyon an