Amnesty International kritike politik Etazini ap itilize pou voye migran Afriken tounen nan kontinan Afrik la. Òganizasyon an mande leta ak òganizasyon rejyonal yo pou yo denonse epi refize pratik sa a.

Nkanyiso Mtolo, ki responsab kanpay Amnesty pou Afrik de lès ak Afrik di sid, fè konnen ke peyi Afriken yo ta dwe refize patisipe nan politik sa a. Li raple ke Komisyon Afriken pou Dwa Moun ak Pèp yo deja pran pozisyon kont ekspilsyon sa yo.

Komisyon an konsidere ekspilsyon sa yo kòm yon vyolasyon Charte Afriken an, paske yo kont prensip fondamantal tankou dwa yon moun pou l fè apèl kont desizyon pou ekspilsyon li, epi dwa pou pwoteksyon kont risk refoulman. Sa vle di yon moun pa dwe voye tounen nan yon peyi kote li riske sibi vyolasyon dwa moun.

Nkanyiso Mtolo di pozisyon Komisyon Afriken an se yon siy ankourajan, men li pa dwe rete pou kont li. Li fè apèl tou bay kominote ekonomik rejyonal yo tankou SADC ak lòt peyi oswa òganizasyon rejyonal pou yo rekonèt ekspilsyon sa yo kòm pratik abi ki kont dwa moun.

Li mande tou pou yo pa vin tounen destinasyon oswa reseptè yon ekstènalizasyon obligasyon dwa moun ke chak leta dwe respekte.