Nan komin Kenscoff, gang ame ap kontinye fè zak vyolans ki lakoz plizyè santèn fanmi oblije kite kay yo. Dènye atak yo fèt nan mitan lannwit nan fen semèn pase a. Majistra komin nan, Jean Massillon, dekri sitiyasyon an kòm yon kriz grav ki pa ka kontinye konsa. Li fè konnen gang yo ap fè terè nan zòn riral yo, e yo menm te atake yon sit yo rele Téléco pou eseye rekipere kontwòl li.

Majistra a bay yon bilan ki lou sou konsekans atak sa yo. Anpil fanmi kite kay yo, pandan gen lòt ki poko jwenn nouvèl fanmi yo. Li di gen anpil moun ki mouri, machin boule, kay boule, e anpil papa ap kriye paske yo pa konnen kote pitit yo oswa madanm yo ye.

Sa se pa premye fwa gang ame ap fè zak vyolans nan zòn nan. Majistra a mande otorite yo pran mezi ijan pou deloge gang yo. Li mande plis resous pou polis la, pou polisye yo ka kontinye operasyon yo epi amelyore kapasite yo pou konbat gang ame yo.

Malgre apèl sa yo, otorite lokal yo pa jwenn repons ki satisfè, e gang yo ap kontinye pran plis plas nan komin ki gen prèske 65 mil moun sa a.

Sous: RFI Français