Jodi a make 10 lane depi atak teworis nan vil Nice, Lafrans. Nan okazyon sa a, yon nonm 31 an te kondwi yon kamyon nan mitan foul moun ki t ap kite yon spektak feux d'artifice pou fèt Nasyonal 14 Jiyè nan vil sid Lafrans lan.

Atak sa a te lakoz lanmò 86 moun epi plis pase 400 lòt te blese. Polis te tire sou atakan an e li te mouri sou plas. Gwoup teworis Eta Islamik te reklame responsablite pou zak vyolan sa a.

Evènman sa a rete yon pwen nwa nan listwa resan Lafrans, kote kominote a kontinye sonje viktim yo pandan y ap reflechi sou konsekans trajedi a.