Elèv ak pwofesè nan yon lekòl primè nan Sijòdani, ki anba okipasyon Izrayèl, te fè yon manifestasyon 15 jiyè kont demolisyon lekòl la ke fòs Izrayèl yo prevwa fè. Nan dènye ane yo, Izrayèl te detwi plizyè milye kay ak enfrastrikti ki enpòtan pou pèp Palestinyen an, sou baz mank pèmi konstriksyon. Aksyon sa yo souvan kondane pa òganizasyon dwa moun ak kominote entènasyonal la.