Entènasyonal
Donald Trump menase Kanada ak nouvo tarif, li akize Ottawa pou lafimen dife forè ki anvayi plizyè vil ameriken. Mark Carney reponn chanjman klimatik se responsablite tou 2 peyi yo, pandan Kanada ap konbat plizyè santèn dife.
1 min read
Entènasyonal
Gouvènman Ouganda mete yon kanpe tanporè sou tout sòti lekòl yo apre yon bis ki t ap pote elèv nan yon vizit edikatif chavire nan lès peyi a. Bilan pwovizwa a fè eta 20 elèv ak yon granmoun mouri, plizyè lòt blese.
1 min read
Yon jou tankou jodi a
16 jiyè 1969, misyon Apollo 11 te kite Latè pou vwayaj istorik ki t ap mennen premye moun sou Lalin.
1 min read
Entènasyonal
Elèv ak pwofesè yon lekòl primè nan Sijòdani okipe manifeste 15 jiyè kont plan fòs izrayelyen yo pou kraze etablisman an. Izrayèl konn jistifye demolisyon kay ak enfrastrikti palestinyen yo sou baz mank pèmi konstriksyon.
1 min read
Entènasyonal
Dis lane apre atak kamyon ki te frape foul ki t ap kite fedatifis 14 jiyè yo nan Nice, Lafrans rann omaj pou 86 moun ki te mouri yo ak plis pase 400 blese. Lapolis te touye atakan an; gwoup Leta Islamik te reklame masak la.
1 min read
Entènasyonal
Emmanuel Macron ap rasanble nan Pari kowalisyon peyi ki vle soutni Ikrèn, ak Volodymyr Zelensky sou plas. Somè a vize montre Ewòp ap chèche ranfòse pozisyon li devan Larisi ak nouvo presyon Washington.
1 min read
Entènasyonal
Emmanuel Macron inogire yon estati pou Kapitèn Alfred Dreyfus nan Pari, 120 an apre jistis te blanchi l. Prezidan fransè a avèti kont retou antisemitis, pandan yon ankèt te louvri apre yon zam militè parèt toupre yon sinagòg.
1 min read
Entènasyonal
Yon komisyon ankèt nan Asanble nasyonal Lafrans rapòte anviwon 130 000 timoun viktim ensès chak ane. Apre li tande plis pase 100 moun, li denonse echèk lajistis: an 2024, sèlman 380 kondanasyon te fèt pou vyòl.
1 min read
Entènasyonal
Lame ameriken an di li lanse nouvo frap sou Iran mèkredi, kèk èdtan apre Donald Trump te di atak sou bato nan detwa Ormuz mete fen nan sispann tire a. Washington di frap yo vize limite menas sou sikilasyon bato.
1 min read
Entènasyonal
Apre lanmò Ali Khamenei nan frap ameriken ak izrayelyen yo 28 fevriye, kèk Iranyen mobilize pou antèman li nan Teheran. Gen lòt ki kite kapital la oswa rete lakay yo, paske yo refize bay ansyen lidè siprèm nan omaj.
1 min read
Entènasyonal
Prezidan eli ekstrèm dwat Abelardo de la Espriella mande ekip li a kanpe touswit tranzisyon ak gouvènman sortan Gustavo Petro a, madi 7 jiyè, nan Kolonbi. Desizyon an ogmante tansyon politik anvan pasasyon pouvwa a.
1 min read
Entènasyonal
Emmanuel Macron ale Damas pou premye vizit yon chèf leta oksidantal depi kowalisyon islamis la pran pouvwa. Prezidan siryen Ahmed al-Charaa di de peyi yo vle retabli anbasadè yo pi vit posib, pandan Siri ap chèche yon patenarya priyoritè ak Lafrans.
1 min read